zeroclichecreole

  • Akèy
  • Twous pou akonpayatè/akonpayatèz yo
  • Resous
  • Kontak
  • Plan sit la

Mwen se yon akonpayatè/akonpayatèz

  • Labyenvini nan twous pa w la !
  • Jan medya yo prezante fi
  • Imaj kò fi nan medya yo
  • Renmen
  • Seksyalite
  • Sa demen kabap pote
  • E koze feminis la menm ?
  • Chòk kiltirèl

Akèy


Nou swete w labyenvini sou sit nou an !

Objektif pwojè nou an se ede jèn fi, ansanm ak moun ki akonpaye yo (pwofèsè, paran, entèvenan), wè klè sou kesyon stereyotip seksyèl ak stereyotip seksis, epi konprann enpòtans pwomosyon legalite ak la divèsite nan sosyete nou a.

Nou kreye yon twous edikatif kote w ap jwenn anpil enfòmasyon ki va pèmèt ou idantifye epi demonte stereyotip seksyèl ak stereyotip seksis ; twous la ape ba ou tou resous epi zouti ki pou ede w reflechi piplis sou kesyon a.


Pou ki sa nou fè yon pwojè sou stereyotip seksyèl ak stereyotip seksis ?

  • 1fvertlogoPoutèt nou konnen byen jan stereyotip seksyèl ak stereyotip seksis lakòz gwo pwoblèm pou jèn fi ak jèn gason;

  • 1fvertlogoPoutèt nou konsidere se yon bagay ki enpòtan pou nou devlope yon espri kritik sou kesyon sa a;

  • 1fvertlogoPoutèt nou bouke ak stereyotip medya yo plede difize sou fi, kote yo prezante yon sèl jan pou moun bèl;

  • 1fvertlogoPoutèt move konsekans ipèrseksyalizasyon genyen sou jèn yo enkyete nou. Epi tou poutèt nou gen gwo pwoblèm ak modèl stereyotipe ki pale toutan de yon koze « pèfòmans » seksyèl kòm kidire se sa sèl seksyalite te ye;

  • 1fvertlogoPoutèt nou bouke ak seksis ansanm ak rasis;

  • 1fvertlogoPoutèt nou gen konviksyon se lè nou elimine tout kliche sa yo na va kapab genyen yon sosyete kote egalite ak ladivèsite fleri.

  • Militantes_2


    Ki sa stereyotip ye ojis?

    Yon stereyotip se yon lide ki pa janm varye, ke yon moun genyen sou « sa ki ta dwe fèt » oubyen « sa nou ta dwe ye ». Stereyotip chita sou yon seri règ ak prensip ke nou panse nou oblije suiv. Gen diferan kalite stereyotip, e stereyotip seksyèl ak stereyotip seksis se de nan yo.

    Diferans ki genyen ant stereyotip seksyèl ak stereyotip seksis, se ke stereyotip seksis denigre, diminye moun. Lè ke, pa egzanp, nou plede di gason sèvi ak tèt li tandiske fi sèvi ak kè li, nou vinn fini pa panse fi pa kapab reflechi. Se mòd lide sa yo ki fè jouk jounen jodi anpil moun kontinye kwè, pa egzanp, fi gen mwens kapasite pase gason pou li ta dirije yon peyi.

    Stereyotip seksyèl ak stereyotip seksis lakòz fi ak gason adopte de konpòtman ki limite idantite yo, san yo pa menm wè sa.

    Nou rete kwè fòk nou kontinye goumen ansanm pou elimine tout kliche, konbat tout diskriminasyon. Se konsa jou a va rive kote fi ak gason va gen tout dwa egalego toutbon.

    Lang


    • • Franse • Angle • Panyòl
      • Arab

    Paj nou sou Facebook !


    Reyalizasyon



    • Patnè nou yo :
      Logo Forum_2c


      Ak sipò : Cybersolidaire

      Logo ak fon ekran : Isabelle Carrier

      Desen : Solène Ollivier

      Tradution : Maguy Métellus

    Responsab

    • Tradiksyon kreyòl ayisyen : Maguy Métellus
    • Koreksyon : Marie-Hélène Harvey et Martine Senécal
    • Kreyasyon : Sasha Cyr
    • Tèks : Sabrina Ouellet, Michèle St-Amand et Mylène Bigaouette